
Jou ki te 17 septanm sa , òganizasyon feminis entèseksyonèl Gran jipon òganize yon layv sou fesbouk avek Dominique Saint-Vil, kowòdonatè jeneral Otrah ,sou tèm « l’inclusion des hommes trans sous le droit a l’avortement, pourquoi cela compte-t-il ?. » , bat bouch sila enskri nan kokennchenn aktivite òganizasyon sila ap fè nan mwa sa pou sansiblize sou dwa moun ki gen matris genyen pou chwazi si yo vle osinon lè yo vle fè pitit oubyen pa fè pitit .
Thara Layna Marucheka Saint hilaire, kowòdonatris jeneral Gran jipon tanmen diskisyon an pandan l ap kontekstyalize sijè a pou li avòtman ta dwe enterese tout kouch sosyal ,se pou sa yo pwopoze sijè sila , òganizasyon an gen sousi konbat diskriminasyon kwaze nan sosyete a .li pwofite tou raple aktivite sa fèt tou nan kad kenzèn sou avòtman kote kat(4) òganizasyon feminis tankou Dantò ,Gran jipon,Nègès mawon ,règ tanmen .
Avan menm Dominique rantre nan preyokipasyon sijè a li fè yon rale mennen vini sou kisa ki yon moun trans e tou fè fè yon diferans ant idantite jan epi oryantasyon seksyèl .« yon gason trans se yon pèsonn sèks mal men ki wè tèt li tankou yon fi e li jwe wòl fanm nan sosyete a ,nan yon lòt bò , oryantasyon seksyèl la li menm se desi seksyèl atirans ou ka genyen pou yon moun ».
Sa ki enteresan se nou plede repete avòtman se dwa yon fanm genyen sou kò li ,men dapre sa 2 kowòdonatè yo fè konnen li klè depi ou gen matris si ou pa esteril ou lòt konplikasyon ou gen posiblite tonbe ansent .sa fè nou konprann kit ou se fanm sisjan(cisgenre) ,kit ou Se gason trans ou ka tonbe ansent konsanti osinon fòse .e se sa ki fè deba sa konsene yo tou .Dapre Dominik li pa gen done espesifik men radyodyòl rapòte ba li gen ka moun trans fè avòtman iligal san swen sante e yo pa chape anba lanmò .
Pou li mete fen nan rankont sila , kowòdonatè Otrah fè konnen kèk òganizasyon feminis ayisyèn konn eskli trans yo sitou fanm trans yo sou preteks yo se fanm men y ap benefisye privilèj sosyete patriyaka bay gason sou baz yo posede yon ògàn seksyèl mal .Dominik di li konprann fristrasyon sa men li menm li prè pou li milite ak yo e li kontan dèske kèk òganizasyon tankou Gran jipon chwazi kontakte li pou yon chita pale.pou li se yon gran avanse konsa batay la ka gen plis jarèt .
Nehemie DOUYON


