Madi 19 septanm 2023 a,òganizasyon feminis Dantò te reyalize yon « space » sou platfòm X ( ansyen twitter ) la. Aktivite diskisyon sila te fèt nan kad aktivite kenzèn sansibilizasyon sou avòtman plizyè òganizasyon feminis te lanse soti nan dat 14 k ap bout 30 septanm 2023. Li genyen pou tèm « Avòtman legal aksesib pou tout FANM ».

Vanessa Jeudi ki se sikològ epi chantèz te fè majòdyòl nan diskisyon sila a li te kòmanse aktivite sa ak prezantasyon tèm nan ki te : avòtman an Ayiti ; ant kontwòl sou kò FANM konesans popilè ak rezistans. Li te pwofite fè yon rale mennen vini sou jan yo menm andedan òganizasyon feminis Dantò wè koze avòtman nan yon seri peyi epi gade tou envizibilite travay ki fèt sou kesyon an nan de lòt peyi.
Premye entèvenant nan espas diskisyon an,Doktè Louise Melissa Jean rezidan 3 nan jinekoloji te di: »nan karyè m li difisil pou m rankontre 6 oubyen 7 fanm sou 10 ki gentan fè yon avòtman ki ka volonté osinon envolontè. » Poutan se yon bagay ki fèt anpil daprè jinekològ la epi se yon sijè ki enpòtan epi ki afekte plis moun nou ta ka imajine.
Doktè Louise Melissa Jean fè konnen,avòtman an posib soti youn rive 22 semaine, depase sa li konsidere tankou yon fos kouch. Li ale pi lwen pou li di,avòtman ka afekte lavi yon fi nan fason pozitiv nan sa ki gen pou wè ak avni epi nan fason negatif kote li ka paka ansent ankò. »Mwen pou avòtman ». Se konsa rezidan 3 a te pran pozisyon nan diskisyon an.
Katia Henrys ki se yon sikològ klinisyèn doktoran nan sikoloji sosyal kritik nan Graduat center City university of New York, bi kote pal te vini ak kèk dat kle nan listwa ki make konba fanm nan koze dwa avòtman.
Youn nan premye dat ki enpòtan nan tout kesyon dwa FANM se 1979 kote Ayiti te siyen konvansyon pou elimine tout fom diskriminasyon ki fèt kont FANM. Lot dat se 3 avril 1987 aprè Divalye te tonbe kote gwoupman feminis te reyini pou yo di si gen bagay k apchanje li pap chanje san yo. 1994 vin genyen premye bagay ki estriktire ki se ministè kondisyon FANM.
Dat ki swiv li se 1996 kote Ayiti te siyen konvansyon entèramerikèn pou eradikasyon vyolans kont fanm. Pou fini se 1998 note te genyen yon tribunal senbolik pou gade zak ki te fèt kont FANM yo nan koudeta. Se te ansanm dat sa yo mete ak lòt sikològ klinisyèn nan Katia Henrys te pataje.
Li te pwofite tou pataje travay metriz li te fè sou gade kijan feminis ap mennen batay pou legalizasyon avòtman. KATIA henry s te bezwen konnen Ki agiman yo te genyen pou yo mennen lit pou depenalize avòtman soti depi lane 2010 pou rive kounya a,kijan piblik la resevwa yo epi ki lot diskou anfas ki te genyen.
Raple nou espas diskisyon sila a te fè pase dezè tan kote, moun ki t ap tande te gen posibilite reyaji epi poze kesyon.
Shelsy Dice

