IDEH (Initiative pour un Développement Equitable en Haiti) lanse yon kokenn chenn kanpay sanbilizasyon sou dwa tifi ak fanm ki ap viv ak andikap anndan sosyete ayisyèn nan. Kanpay sa a sòti andedan pwojè ki santre sou vilgarizasyonlwa sou Enklizyon ak Aksesibilite moun k ap viv ak andikap an Ayiti . Pi gwo objektif li se fè tout moun alawonnbadèkonnen lwa sou aksesibilite nan anviwònman an atravè kèkafich epi mete men ansanm pou moun ki ap viv ak andikap yo sitou tifi ak fanm jwenn pi bon kondisyon lavi.

Ayiti siyen konvansyon entènasyonal sou respè dwa moun ki apviv ak yon andikap. Nan dat 13 mas 2012, yo pibliye li nanjounal ofisyèl (Le Moniteur) peyi a, lwa sou entegrasyon mounki ap viv ak andikap yo. Men pou entegrasyon sa a rive fèt tout bon, fòk gen yon “chèn deplasman” ki aksesib. Konsa, nan dat 3 jiyè 2018, lwa sou règleman aksesibilite ak anviwònman an pibliye. Anndan lwa sa a, tout moun dwe kapab deplase nan yon pwen pour rive nan yon lòt san difikilte. Pou sa, fason batimankote yon moun oswa yon gwoup moun ap viv dwe adapte akbezwen yo, batiman ki ofri sèvis administratif ak lòt yo dwekonstwi yon fason pou kelkeswa moun kapab rive frekante yo. Nan sans sa a, sipoze gen mwayen transpò ki panche sou mounki ap viv nan sitiyasyon andikap yo pou anpeche yo oblije rete tann moun fè tout bagay pou yo. Lwa sa a mete anpil aksan tou,sou aksè ak enfòmasyon kèlkeswa tip andikap yon moun kapabgenyen.


Rapò mondyal sou andikap montre nan tout peyi sou latè, mounki ap viv ak yon andikap fè pati kategori sosyal ki gen mwensmwayen. Nan peyi ki pa devlope yo (peyi ki pi pòv yo), sitiyasyon sa a pi grav toujou, epi majorite nan yo pa genyenmenm chans ak tout lòt moun pou yo reyisi. Se yo ki genyen nivo ledikasyon ki pi ba, yo gen anpil difikilte pou jwenn laswenyay, travay oswa fè aktivite ki ka pèmèt yo anmize yo san kè sote. Men yon moun ki ap viv ak andikap se yon moun menmjan ak tout moun ki jis bezwen yo mete bon estrikti ak bon akonpayman pou li kapab devlope kapasite li.

Kanpay sansibilizasyon sa a plis panche sou fanm ak tifi ki ap viv ak andikap

Nan yon etid IDEH te reyalize nan lane 2021 nan depatman Lwès, Latibonit ak Sant, fanm yo montre andikap se pi gwo obstak yo rankontre nan lavi yo. Ladan yo 49% panse yo rate yon travay akoz andikap yo, 10% ladan yo, panse yo rate bous pou etidye akoz andikap yo, 28%, ladan yo, sipoze yo pa prete yo kòb akoz pwoblèm sante, 17% menm konfye yo pa gen relasyon entim ak yon moun yo te renmen epi 10% nan yo pa rive fè sòti an gwoup. 63% nan fanm ki te patisipe nan etid sa a pa gen okenn aktivite pou rapòte yo lajan.

Nan yon sosyete kote se gason ki domine, fanm gen mwensvalè. Menm lè yon fanm fè gwo etid, rantre nan biznis, ap fèpolitik li gen mwens chans pou li reyisi pase gason, mwenschans pou touche menm kantite lajan pou yon menm travay. Sa montre gen plis konplikasyon bò kote tifi ak fanm ki ap viv akandikap. Yo viktim anba vyolans seksyèl paske yo souvan sou responsabilite yon moun pou yo rive manje, jwenn swen sante oswa jwenn lajan pou reponn ak lòt bezwen yo.

N ap raple IDEH se yon òganizasyon feminis ki kreye nan lane 2012. Li genyen plizyè chan li travay tankou sante seksyèl akrepwodiksyon, vyolans ki baze sou jan (VBG), edikasyon souegalite , pou fini sou jan ak andikap.

Valincia F. JEAN PHILIPPE



Une réponse à « IDEH : Lansman kanpay sansibilizasyon sou dwa fanm ak tifi andikape »

  1. Contente de lire cet article

Laisser un commentaire

En savoir plus sur GRAN JIPON Organisation Féministe Intersectionnelle

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture