Vandredi ki te 31 me 2024 la ,BanJ te akeyi dezyèm edisyon sansibilizasyon sou PTME (prévention de la transmission du VIH de la mère a l’enfant ). Housing Works ki se prensipal òganizatè aktivite sila te òganize yon jounen konferans ak plizye panelis sou tèm « une Nouvelle génération sans VIH est possible avec PTME ». Evènman sila rive posib Gras ak sipò MSPP e kèk òganizasyon patnè ONUSIDA ,FOSREF,Konesans fanm ,OCSEVIH ,FEDHAP ,AFIAVIH.

Apre akèy ,madam Eva Marly Steïde,direktris peyi Housing work tanmen jounen an nan yon diskou sikonstans sou nesesite pou sansiblize moun sou PTME « lè n konnen timoun se avni peyi a ,medam sa yo, manman sa yo ki gen VIH bezwen sipò nou pou yo timoun yo ka fèt san VIH la nan san yo ». Li tou pwofite okazyon an pou li remèsye diferan patnè li yo ki pa t neglije lonje men pou soutni inisyativ sila e raple nou Pòtoprens pa Ayiti. « gras à ONUSIDA ,plis pase 400 pankat sansibilizasyon rive nan diferan enstitisyon lasante nan depatman Sid la ».
Nan yon premye moman doktè Richard Larosilière tanmen yon bat bouch sou sansibilizasyon epi fòmasyon sou tematik « prévention de la transmission du VIH de la mere à l’ enfant( PTME) » li prezante prensipal objektif pou ETME( élimination de la transmission du VIH de la mère a son enfant) nan lane 2023, li prezante tou objektif ak pilye yo pandan li mete aksan sou prensipal misyon ETME ki se eliminasyon transmisyon vètikal ViH ak Sifilis. Pousantaj transmisyon sa k ap fèt ant manman ak pitit li 30 san ARV epi li mwens pase 2 pousan ak entèvansyon ARV .
« Daprè òganizasyon mondyal lasante planin familyal se sa ki pèmèt moun konnen konbyen pitit yo swete epi nan ki espas tan yo ta renmen fè yo » . Se ak definisyon sa dezyèm doktè ,Jean Abioud Sylvain kòmanse pale sou planin familyal ak PTME .Gen 10 dis metòd itilize ki klase an 2 kategori :sila ki revesib yo ak sa ki definitif yo . Nan revesib yo nou ka konte dispozitif entra iteren yo , metod òmonal yo epi metòd baryè yo. Ligati ak seksyon twòp yo konte nan metòd definitif yo .
Pou metòd ki itilize an Ayiti yo nou ka site metòd alètman natirèl ak amenore ,metòd kalandriye osinon Ogino Knaus ,metòd glè sevikal ,metòd tanperati nazal ,metòd senptotèmik,metòd jou fiks sa nou rele metòd kolye a epi pou n fini metòd retrè a .
Menmsi transmisyon viris la se yon lyen dirèk ant manman ak pitit enplikasyon gason yo enpòtan nan pwosesis PTME a. Se rezon sa madam Marie Antoinette Tourteau prezante yon Etid sou « implication des hommes dans la CPN et le PTME » .
Etid sila ki reyalize ak yon metodoloji miks chita sou 2 de kesyon rechèch : ki faktè ki motive osinon ki antrave patisipasyon aktiv gason yo nan CPN ak PTME ? Kòman kesyon jan enfliyanse atitid ak konpòtman nan koze sante familyal ? Pou yon echantiyonaj 161 moun 61 prestatè dakò gason yo pa enplike yo anpil men 30 pousan estime yo pa enplike yo ditou . Pami fanm PVVIH yo sèlman 40 pousan dakò patnè yo enplike yo .
Aprè yon poz 20 mn , Housing works pwopoze yon dezyèm epi dènye panèl avek Joanne Isidor epi Malia Jean sou idantifikasyon fay nan sistèm swen sou baz ankèt ki mennen nan 54 etablisman sante epi idantifikasyon lòt fay an rapò ak temwanaj itilizatè sèvis sante yo.
An 2024 ,ayiti toujou nan PTME (prévention de la transmission du VIH de la mère à l’enfant) kote lòt peyi tou pre li tankou Kiba ap panse pou ETME( élimination de la transmission du VIH de la mère à l’enfant). « temwayaj nou rive tande se prèv sa posib pou yon fanm sewopozitif akouche yon timoun san viris lan ,si nou sansibilize ,edike epi fòme popilasyon an » se sou mo sa yo madam Eva mete yon fen nan jounen konferans sansibilizasyon sila sou VIH e PTME .
NEHEMIE DOUYON

