Cp: Thara Lajoie

Jou ki te 13 novanb 2022 a, òganizasyon feminis Gran Jipon mennen, nan lokal yo menm, Yon kokennchenn aktivite sou koze vyolans FANM ak tifi ap sibi nan sosyete a nan Kad jounen entènasyonal lit kont vyolans sou fanm, 25 novanb kap vini la.

« Se nou menm fanm ki pou batay pou dwa nou, pensonn pap fel pou nou» ki se deklarasyon younn nan manb yo. Koòdonatris yo ki se Thara M. SAINT-HILAIRE fè konnen ke batay la anpil men yo pap lage sa . Li kontinye poul Di ke malgré wout la long ,yo gen devwa kontinye pou sila yo ki te tonbe pou koz la e kap kontinye tonbe. Jounen sa make Yon kout « mw la tou » « mgen dwa respire » pami yon foul obligasyon.

Se poutet sa, yn séri foto ak videyo te fèt ak mayo nwa , yo chak te kriye revandikasyon pa yo . Épi klotire moman an ak Yon chan pou pote lespwa pou tout fanm kap soufri nan silans yo, kap tonbe san yo pa voye je gade yo. « se pou sa nou deside louvri je sou zonbi feminisid »

kisa sa vle Di ?

Tou de blan, pannkat nan men ak yon séri de non fanm ki viktim déjà, oswa kek revandikasyon se konsa medam yo te abiye pou fè konprann koman fanm alèkile ap tonbe san kontrol. Anpil fwa Yo san non , san tit , san pensonn pou sonje yo nan vivan yo sitou nan lanmò yo.

Néhémie DOUYON , ki se manb GRAN JIPON fè konnen ke yo prete vwa yo pou bouzen yo , fanm sou kote yo , fanm ki nan fanmi LGBT yo, madan Sara yo, Sila ki pa konn ni li ni ekri yo, sosyete a femen bouch yo san ba yo chans pale tout bon. 

Nan divès pale nou te gen ak manb yo , nou te gen chans pale ak Wislande BERNADIN ki tap eskplike nou kouman li te kontan Yon inisyativ konsa te pran pye pou denonse vyolans yo fè sou fanm épi kijan li tap kontan pou batay sa pote bon jan rezilta pou byennet fanm ak tifi Jodi e demen.

« Pou mwen moman sa se tankou pyè pa nou nou kòmanse depoze nan konstriksyon nouvèl Ayiti a, kote dwa fanm ak ti fi ap gen pou respekte. »

Li tap fini poul Di kijan  konba a enpotan pou chak grenn  fanm  , li te fè konnen tou ke yo pa dwe pè pale , pè ke yo tounen Yon zak kont yo ankò . Paske yo ka toujou pèdi Yon konba men ak pisans ki nan yo chak , yap fini pa genyen batay la.

«  E foto sa yo la lè sa fin rive pou nou montre pitit nou ak tout lòt moun,  bèl souvni nou genyen nan lit la e pou yo kontinye sou menm lanse a, konsa na rive wè epi konprann ke fanm pa lennmi fanm vre, ni fanm pa baryè pou lòt fanm.  Yo monte nou youn kont lot paske jou nou tout deside met tèt ansanm nap fè anpil bagay  » 

IJANS, se sou tèm sa ,GJ te rasanble fòs li nan dati 13 novanb 2022 an poul Di li ijan pou nou tout leve kanpe, li ijan poun pran ka Sila yo ki viktim yo. Ijan poun jije épi pini zak malonèt ki fèt déjà yo. Sinon, konbyen nap tann yo fin toupizi poun rele sa trop atò ??

Adlie Naomie DEMERO



Laisser un commentaire

En savoir plus sur GRAN JIPON Organisation Féministe Intersectionnelle

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture